Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 66

Sòm 66:2-7

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
4Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
5Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
6Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
7Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?

Read Sòm 66Sòm 66
Compare Sòm 66:2-7Sòm 66:2-7