Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 59

Sòm 59:2-6

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(059:3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!
3(059:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.
4(059:5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!
5(059:6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
6(059:7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.

Read Sòm 59Sòm 59
Compare Sòm 59:2-6Sòm 59:2-6