8(051:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
9(051:11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo.
10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
11(051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.