7(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.