Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 48

Sòm 48:1-3

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
2(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
3(048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.

Read Sòm 48Sòm 48
Compare Sòm 48:1-3Sòm 48:1-3