Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 37

Sòm 37:1-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
2Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.
3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
4Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
5Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
6L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
8Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.

Read Sòm 37Sòm 37
Compare Sòm 37:1-8Sòm 37:1-8