Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 136

Sòm 136:1-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
2Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
3Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
4Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
5Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
6L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:
7Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
8Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Read Sòm 136Sòm 136
Compare Sòm 136:1-8Sòm 136:1-8