Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:141-150

Help us?
Click on verse(s) to share them!
141Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.
143Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.
144Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.
145M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.
146M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!
147Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
148Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.
149Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
150Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:141-150Sòm 119:141-150