Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 26

Resansman 26:8-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Palou te papa Eliyab.
9Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
10Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (0250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
11Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
12Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
13fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
14Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (022.200) gason nan branch fanmi sa a.
15Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
16fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
17fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
18Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan branch fanmi sa a.
19Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.

Read Resansman 26Resansman 26
Compare Resansman 26:8-19Resansman 26:8-19