Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 26

Resansman 26:11-43

Help us?
Click on verse(s) to share them!
11Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
12Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
13fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
14Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (022.200) gason nan branch fanmi sa a.
15Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
16fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
17fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
18Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan branch fanmi sa a.
19Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.
20Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
21Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.
22Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (076.500) gason nan branch fanmi sa a.
23Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,
24fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.
25Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (064.300) gason nan branch fanmi sa a.
26Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.
27Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (060.500) gason nan branch fanmi sa a.
28Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
29Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
30Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo,
31fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo,
32fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.
33Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.
34Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (052.700) gason nan branch fanmi sa a.
35Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo.
36Choutela poutèt pa l' te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa.
37Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (032.500) gason nan branch fanmi sa a.
38Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo,
39fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo.
40Bela pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman.
41Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan (045.600) gason nan branch fanmi sa a.
42Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.
43Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan (064.400) gason nan branch fanmi sa a.

Read Resansman 26Resansman 26
Compare Resansman 26:11-43Resansman 26:11-43