Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 25

Resansman 25:3-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo.
4Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
5Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò.
6Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.
7Lè Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn.
8Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li pèse tou de, ni nonm lan ni fanm lan, ak frenn lan anba ti vant yo. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann.

Read Resansman 25Resansman 25
Compare Resansman 25:3-8Resansman 25:3-8