Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 18

Resansman 18:7-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
8Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.
9Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye.
10N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a.
11Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'.

Read Resansman 18Resansman 18
Compare Resansman 18:7-11Resansman 18:7-11