3Depi yo kònen twonpèt yo ansanm, se pou tout moun kouri reyini bò kote ou devan pòt Tant Randevou a.
4Si se yon sèl twonpèt yo kònen, se tout chèf branch fanmi yo ase ki va reyini bò kote ou.
5Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon premye fwa ansanm ak bri moun k'ap rele, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò solèy leve a leve pati.
6Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon dezyèm fwa ansanm ak bri moun k'ap rele yo, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò sid la leve pati.
7Men lè y'ap reyini tout moun yo, y'a kònen twonpèt yo sèlman, san pesonn pa bezwen rele.
8Se prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit.