27Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
28Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
29Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
30Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.