Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 3

Pwovèb 3:25-35

Help us?
Click on verse(s) to share them!
25Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
26Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
27Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
28Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
29Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
30Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.
31Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.
32Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.
33Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.
34Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.
35Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.

Read Pwovèb 3Pwovèb 3
Compare Pwovèb 3:25-35Pwovèb 3:25-35