Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 27

Pwovèb 27:16-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
16Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
18Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
19Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.
20Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
21Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
22Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.
23Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.
24Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.
25Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.
26Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.
27W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.

Read Pwovèb 27Pwovèb 27
Compare Pwovèb 27:16-27Pwovèb 27:16-27