25W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
26Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.
27Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
28Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.
29Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.