11Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
12Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
13Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.
14Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
15Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
16Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.
17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.