8Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.
12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
13Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.