5Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
6Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
7Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
8Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.