5 Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
6 Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
7 Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
8 Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9 Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11 Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.