Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 19

Pwovèb 19:5-23

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.
6Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.
7Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!
8Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.
9Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.
10Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.
11Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
13Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.
14Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
15Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
16Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri.
17Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
18Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.
19Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.
20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
21Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
22Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.
23Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.

Read Pwovèb 19Pwovèb 19
Compare Pwovèb 19:5-23Pwovèb 19:5-23