Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 19

Pwovèb 19:2-7

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.
3Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.
4Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.
5Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.
6Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.
7Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!

Read Pwovèb 19Pwovèb 19
Compare Pwovèb 19:2-7Pwovèb 19:2-7