27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
28Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.
30Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
31Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
32Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
33Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.