Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 16

Pwovèb 16:18-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
19Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
20Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!
21Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.
22Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
23Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
24Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
25Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
26Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
28Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.

Read Pwovèb 16Pwovèb 16
Compare Pwovèb 16:18-28Pwovèb 16:18-28