Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 12

Lik 12:22-29

Help us?
Click on verse(s) to share them!
22Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou.
23Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.
24Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre?
25Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay?
26Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo?
27Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.
28Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!
29Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.

Read Lik 12Lik 12
Compare Lik 12:22-29Lik 12:22-29