Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 10

Lik 10:13-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.
14Se poutèt sa, jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon.
15Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.
16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
17Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
18Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.
19Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.
20Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
21Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
22Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
23Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a.
24Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.
25Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

Read Lik 10Lik 10
Compare Lik 10:13-25Lik 10:13-25