Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 15

Levitik 15:13-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
14Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
15Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lòt la pou yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an.
16Lè yon nonm voye sou li, se pou li lave tout kò l' nan dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
17Depi dechay la tonbe sou yon bagay fèt an twal osinon an po, se pou yo lave bagay sa yo, epi moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye p'ap ka sèvi ak bagay sa yo jouk aswè.
18Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
19Lè yon fanm gen règ li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Tout moun ki manyen l' pandan sèt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
20Lè konsa, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li te sèvi pou l' chita.
21Lè yon moun manyen kabann yon fanm konsa, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
22Si yon moun manyen yon bagay fanm lan te sèvi pou l' chita, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.
23Wi, depi se kabann fanm lan osinon yon bagay fanm lan sèvi pou l' chita yon moun manyen, moun sa a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
24Si yon nonm kouche ak yon fanm ki gen règ li epi li sal ak san, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Depi li kouche sou yon kabann, moun k'ap sèvi Bondye p'ap ka sèvi ak kabann sa a.
25Si yon fanm gen règ li pandan plizyè jou lè li pa nan peryòd li, osinon si règ li kontinye koule kèk jou apre peryòd li pase, se va menm jan an tou. Li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan tout jou san an ap koule a, tankou lè l' gen règ li nòmal.

Read Levitik 15Levitik 15
Compare Levitik 15:13-25Levitik 15:13-25