Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 21

Jozye 21:34-43

Help us?
Click on verse(s) to share them!
34Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata,
35lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo.
36Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa,
37lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo.
38Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,
39lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo.
40Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa.
41Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo.
42Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo.
43Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.

Read Jozye 21Jozye 21
Compare Jozye 21:34-43Jozye 21:34-43