Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jij - Jij 4

Jij 4:4-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.
5Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.
6Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (010.000) gason avè ou.
7M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou.
8Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale.
9Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.
10Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (010.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.

Read Jij 4Jij 4
Compare Jij 4:4-10Jij 4:4-10