Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 8

Jan 8:14-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
14Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m' soti, mwen konnen ki bò m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m' soti, ni ki bò m' prale.
15Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pesonn.
16Mentou, si yon lè mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avèk mwen.
17Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre.
18Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou.
19Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou.
20Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pesonn pa t' mete men sou li, paske lè l' pa t' ankò rive.
21Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.
22Jwif yo yonn di lòt: Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l' prale a.
23Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a.
24Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
25Yo mande li: Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: Sa m' te di nou depi nan konmansman an.

Read Jan 8Jan 8
Compare Jan 8:14-25Jan 8:14-25