3Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non.
4Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive.
5Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè.
6Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa.
7Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch.