Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 10

Eklezyas 10:13-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.
14Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.
15Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li.
16Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.
17Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.
18Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.
19Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.

Read Eklezyas 10Eklezyas 10
Compare Eklezyas 10:13-19Eklezyas 10:13-19