Text copied!
CopyCompare
Bib La - Chante Salomon - Chante Salomon 7

Chante Salomon 7:6-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl nègès mwen!
7Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou yo ou ta di de ti grap palmis.
8Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m' keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou!
9Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.
10Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.
11Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo.

Read Chante Salomon 7Chante Salomon 7
Compare Chante Salomon 7:6-11Chante Salomon 7:6-11