Text copied!
CopyCompare
Bib La - 2 Wa - 2 Wa 10

2 Wa 10:6-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: —Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo.
7Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl.
8Lè yo vin di Jeou yo te pote tèt pitit wa Akab yo, li bay lòd pou yo fè de pil ak yo bò pòtay lavil la, kite yo la jouk denmen maten.
9Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: —Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo?
10Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la.
11Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan.
12Apre sa, li pati pou lavil Samari. Sou wout la, lè li rive bò kan gadò mouton yo,

Read 2 Wa 102 Wa 10
Compare 2 Wa 10:6-122 Wa 10:6-12