Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 8

1 Wa 8:19-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati Tanp lan pou mwen.
20Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
21Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip.
22Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye,
23li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
24Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m' lan. Tou sa ou te di, ou fè l' rive vre jòdi a.
25Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache a pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la.
26Se konsa, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, papa m', sèvitè ou la.
27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!

Read 1 Wa 81 Wa 8
Compare 1 Wa 8:19-271 Wa 8:19-27