Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 7

1 Wa 7:23-37

Help us?
Click on verse(s) to share them!
23Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.
24Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan.
25Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan.
26Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa.
27Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè.
28Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman.
29Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti.
30Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò.
31Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won.
32Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a.
33Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv.
34Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a.
35Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a.
36Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.
37Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè.

Read 1 Wa 71 Wa 7
Compare 1 Wa 7:23-371 Wa 7:23-37