Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 22

1 Wa 22:26-34

Help us?
Click on verse(s) to share them!
26Se konsa, wa Akab pase yon lòd, li di: -Pran Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a.
27Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ni malè.
28Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!
29Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.
30Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m' al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l' al goumen.
31Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la.
32Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou atake l'. Men, Jozafa rele anmwe.
33Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a.
34Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.

Read 1 Wa 221 Wa 22
Compare 1 Wa 22:26-341 Wa 22:26-34