Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 17

1 Wa 17:4-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaou yo lòd pou yo pote manje ba ou.
5Eli fè sa Seyè a te di l' fè a. Li pati, l' al rete toupre ravin Kerit la.
6Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l' bwè nan ravin lan.
7Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a.
8Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa:
9-Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.
10Se konsa Eli leve vre, li pati pou lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon fanm vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele l', li di l' konsa: -Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m' bwè.

Read 1 Wa 171 Wa 17
Compare 1 Wa 17:4-101 Wa 17:4-10