3Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
5Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
6Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.