6Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.
7Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.
8Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
9Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
10Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.
11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?