6Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
7Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
10paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.
11Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif.
12Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
13Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.