5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
6Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
7Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!