Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 86

Sòm 86:1-9

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
2Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
3Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!
4Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!
5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
6Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
7Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,

Read Sòm 86Sòm 86
Compare Sòm 86:1-9Sòm 86:1-9