5(067:6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
6(067:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.
7(067:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.