9Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.
10Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.
11Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.
12Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
14M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.