Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 51:10-15 in Haitian

Help us?

Sòm 51:10-15 in Bib La

10 (051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
11 (051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
12 (051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
13 (051:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.
14 (051:16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.
15 (051:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.
Sòm 51 in Bib La