Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 51

Sòm 51:10-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
11(051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
12(051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
13(051:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.
14(051:16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.
15(051:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.

Read Sòm 51Sòm 51
Compare Sòm 51:10-15Sòm 51:10-15