Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 48

Sòm 48:3-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3(048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
4(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
5(048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.

Read Sòm 48Sòm 48
Compare Sòm 48:3-8Sòm 48:3-8