Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 47:2-7 in Haitian

Help us?

Sòm 47:2-7 in Bib La

2 (047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
3 (047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
4 (047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
5 (047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6 (047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
7 (047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
Sòm 47 in Bib La